Chapo Ba Pou Manigat

Chapo ba douvan yon Grandèt

Chapo ba douvan yon bel tèt 

Yon tèt byen plen

Yon tèt byen fèt

 

Manigat

Papye an tèt tout entelektyèl

Siyati tout yon jenerasyon bèl tèt

Gerard Pierre Chalres

Marc Bazin 

Joseph Hubert De Ronceray

Elatriye,..

Mwen site non 

Mwen pa detounen   

 

Chapo ba douvan yon tèt

Yon tèt dwat

Yon tèt ki pap bese tèt

Douvan tèt dwategoch

Ni douvan la gauche 

 

Manigat

Yon tèt ki respekte tout tèt 

Kit se tèt nwa

Kit se tèt blan 

Kit se tèt chov 

kit se tèt kale

 

Manigat

Yon tèt ki pap sispann fè nou reve

Pou yon pi bon Peyi

Yon tèt ki pap sispann fè nou kwè

Nan yon pi bèl Aiyiti

Yon tèt ki pap sispann fè nou batay

Kont tout  Namphy

Kont tout bandi

Kont tout nanti

 

Manigat

Yon  lòt tèt ki ale 

Pou listwa

Sou pouvwa tèt kale.

 

Enosch JOSEPH - Montréal, Canada - 28 Juin 2014