Ochan pou Leslie François Manigat

Apre powèm mwen ekri pou Iv Dejan an, m sezi : konpatriyòt mwen yo benyen m ak mesaj ki soti tout kote (An Ayiti, an Frans, Ocanada, Ozetazini, ak latriye.). Yo pa konnen kijan, lan ki lang ak lan ki non pou yo remèsye m (madanm, mesye, matmwazel...). Mwen di yo mèsi tou. Anpil moun bezwen konnen ki moun mwen ye. Yo sezi we m ekri lan twa lang, angle, franse,ak kreyòl. Enben, mwen se yon mesye k ap viv Ozetazini. Mwen viv, etidye ak travay Ozetazini, an Frans, ak yon pout tan an Ayiti. M pa fache ak okenn lang.

Gen yon sèl limanite pou tout krityen vivan, menm si gen anpil kilti. Se pou n ouvè sèvo nou, kè nou ak nanm nou pou tout bon bagay ki gen dan lemonn antre. M kwè tou se pou nou esplwate tout zouti refleksyon nasyon nou an, brase kilti a, jwi li libelibè. Se yon min lò gratis ticheri. Se pou nou pran libète moun nou, di sa nou ye, sa nou pa vle ye, apresye tout valè peyi nou an, denonse tout sa k pabon ladan l tou. Tout kilti gen bon ak vye bagay. Konsa, m ap di yon lòt ochan pou yon lòt gwo Ayisyen lan lang nou tout pale a. Chak ''ling sonnen'' (ver en créole) gen uit (8) silab, chak pati gen uit (8) ling. Mwen rele li « powèm kreyòl kwaze leuit ».


 

Ochan pou Leslie François Manigat

Mwen di ochan pou Manigat,

Li se yon bèl lanp bven banda

K ap liminen tout wout listwa

Pou l chache zogrann lesavwa.

Li aprann nou pou n pa engra.

Pou n konprann devwa n jodi a,

Fò n byen peze gwo papa kwa

Zansèt yo te pran ak lespwa.

 

Mwen di ochan pou Manigat.

Li bourike tankou Zaka

Pou l jwenn pou kisa nou chita

Lan yon ti peyi ki delala,

Kote y ap karese listwa

Tankou yon manman arona.

Yo pa konnen l; men l bay lajwa.

Li fè yo sou tankou tafia.

 

Mwen di ochan pou Manigat.

Nou tout pa bezwen marasa

Pou nou danse, trese bèl pa

Lan bèl bal patriyotik la.

Manigat se bon zannanna

Pou fè bon ji, pou fè n ri gra,

Fè n konta, fè n di « olala ! ».

Li pa pengwen k ap bay traka.

Mwen di ochan pou Manigat.

Se pou n renmen l san rechinya,

Sa k pa konprann mistè pouvwa,

Sa k konnen sekrè kandida.

Tou sa yo tout kwè se fatra

Devan travay gason sila.

Fòn aprann apresye nèg swa.

Li te, li se, l ap toujou yon gwo pwa.

 

Mwen di ochan pou Manigat.

Li se yon loray, yon gwo vwa.

Lè l pale, li fè yon fraka

Ki souke tout bèl branch memwa.

Listwa se yon bèl gwo pyebwa.

Li monte l pado, pou ba l glwa.

Tout moun kriye byen fò : Eksplwa !

Oooo... lanp k ap tenyen fè m gaga !

 

Mesye Rose Nesmy Saint-Louis se yon ekonomis pratikan, pansè pragmatik, powèt ak ekriven. Li ekri yon liv an franse ki rele « Le vertige haïtien - Réflexions sur un pays en crise permanente », yon gwo etid sou kriz leta ak kriz kwasans ekonomik an Ayiti.

 

Rose Nesmy Saint-Louis - Cette adresse e-mail est protégée contre les robots spammeurs. Vous devez activer le JavaScript pour la visualiser.